Posted : 2010-02-24 (creole) Reprezantan Catholic Migration Office la ap nan St. Thérèse de Lisieux
Evènman trajik ki sot pase an Ayiti-a afekte tout Ayisyen kap viv nan Brooklyn ak Queens. Dyosèz Brooklyn nan ap ak lapriyè e fè tou sa li kapab pou li pote konsolasyon pou viktim yo. Biwo Migrasyon Katolik la trè kalifye e li pare pou-l ede tout Ayisyen nan kominote-a pou yo kapab aplike pou yon sitiyasyon tanporè ak pèmi travay. Anplwaye Biwo Migrasyon Katolik pare pou ede nou ranpli aplikasyon nou yo pandan peryòd sa-a.
SI NOU VLE APLIKE, NOU FET POU NOU POTE DOKIMAN SA YO:
- Kopi paspò nou avèk ak de nesans-nou ki tradwi an angle, e yon pyès idantifikasyon ki gen foto nou (ki kapab prouve nou se Ayisyen).
- Resi tou nèf ki montre nou peye lwaye, souch chèk ou touche, papye bank nou resevwa chak mwa, papye lekòl, ak tout lòt dokiman ki kapab montre nou tap viv Ozetazini avan ou depi 12 Janvye 2010.
- Ti kat blan (I-94 rantre ak soti) yo te ba nou lè nou te rantre isit.
- 2 foto paspo tou nèf
- $ 510 (lajan kach ou “money order” fèt sou non “Catholic Migration Office”) [nou pa aksepte chèk pèsonèl]
Reprezantan Catholic Migration Office la ap nan St. Thérèse de Lisieux Nan Kwen Troy Avenue ak Avenue D Brooklyn, NY Dimanch 28 Fevrye – Apre Mes 1:00PM
|